5 Mesaj enpòtan

1. Ka maladi kè yo ap ogmante. Se yon maladi ki lakoz lanmò anpil fanm atrave lemond.

2. Plis pase 50% fanm pa rekonèt sentòm kriz kadyak.

3+

Souvan fanm yo konnen santi 3 oswa plis sentòm sou tèt doulè nan lestomak la.

Si ou panse yon moun ap fè yon kriz kadyak, cheche atansyon medikal imedyat.

Sentòm Kriz Kadyak Pi Souvan Rapòte Pa Fanm

  • Lestomak fè mal, oubyen malèz (tankou kè sere, oubyen lestomak ki ap boule)
  • Doulè nan machwè, kou, bra, oswa do
  • Li kapab swe anpil, plis ke nòmal
  • Pwoblèm respirasyon
  • Vant fè mal, gonfliman oubyen anvi vomi

Lòt Sentòm Ki Akonpaye Oubyen Ki Asosye

  • Feblès oswa fatig
  • Doulè nan do, zepòl oswa nan bra dwat
  • Pwoblèm dòmi
  • Vètij, tèt vire oubyen soulay
  • Kè a bat fò oswa palpitasyon

3. Lakoz maladi kè kapab diferan ant fanm ak gason.

Gen kèk founisè sante ki ka mwens okouran de diferans ki genyen ant fanm ak gason.
  • Maladi atè kowonè
  • Maladie kè valvilè
  • Aritmi (batman kè iregilye)
  • Yon diseksyon espontane nan atè kowonè
  • Vazospasm kowonè (lè moun nan fè tansyon oswa lè li fimen)
  • Malfonksyònman mikwovaskilè (maladi nan ti veso)
  • Kardyomyopati (lakoz estrès)  Takotsubo (maladi nan misk kè a)
  • Kardyopati peripatim (feblès nan kè pandan oswa apre gwosès)

4. Fanm kapab genyen pi gwo risk maladi kè pase gason.

Kondisyon sa yo kapab bay pi gwo risk maladi kè:

Kèk pwoblèm pandan gwosès
(Takou yon akouchman prekòs, anvan pitit la fèt, sik oswa tansyon wo pandan gwosès, preeklanpsi)

Menopoz prekòs
(Laj mwayèn menopoz 50-52 zan)

Sendwòm ovè polikistik

Maladi sistematik enflamatwa ak otoyiminè
(Egzanp: atrit rimatoyid, lupus)

Fimen Sigaret
(Fanm ki fimen gen 3x pi gwo risk ke gason pou atak kè)

Dyabèt (maladi sik)
(Fanm ki fè sik gen 3x pi gwo risk ke gason pou tak kè)

5. Gen anpil nou tout kapab fè pou ede redwi risk yo. Maladi kè se yon maladi ke nou kapab evite.

Fè aktivite fizik, kontinye deplase

Manje yon varyete manje ki bon pou sante

Jere estrès

Viv san fimen sigarèt elektronik oswa tabak komèsyal

Limite alkòl

Fè tès regilyèman
(teste sik, tansyon ak kolestewòl)

Pou pran swen lòt moun, fòk ou pran swen tet ou anvan.